AYITI/GRÈV: ASOSYASYON PWOPRIYETÈ AK CHOFÈ DAYITI LANSE YON GRÈV « ILIMITE »

_Asosyasyon pwopriyetè ak chofè Dayiti( APCH) lanse yon »grèv ilimite » apati 18 oktòb ki ap vini la pou fòse otorite yo pran bon jan mezi pou frennen fenomèm ensekirite a ki pa sispann mete dlo nan je pèp ayisyen an._

Sityasyon ensekirite peyi Dayiti ap fè fas dènye lane sa yo konplike pi plis toujou lavi pèp ayisyen. Nan sans sa, asosyasyon pwopriyetè ak chofè Dayiti lanse yon grèv ilimite.

Daprè prezidan APCH la, Méhu Changeux, objektif grèv la se pou fòse otorite yo fè tout jefò posib pou rezoud pwoblèm ensekirite ki gen nan peyi a. » Tout kouch sosyal dwe respekte modòd grèv la », pawòl prezidan APCH la.

Konpayi bis « Dieu qui décide » ki fè Pòtoprens ak Jeremi kanpe travay depi 14 oktòb pou pwoteste kont fenomèm ensekirite a.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …