AYITI/SEKIRITE: KONSÈY SEKIRITE NASYON INI (ONI) PWOLONJE MANDA BIWO ENTEGRE NASYON INI AN AYITI.

Nan yon nòt kap sikile sou kont twitè anbasadris ki reprezante Etazini nan nasyon ini an Ayiti Linda Thomas-Greenfield fè konnen jounen vandredi 15 oktòb 2021 an, konsèy sekirite nasyon ini yo pwolonje manda biwo entegre nasyon ini an Ayiti ( BINUH) pou yon dire de 9 mwa ankò.

Pilwen, Anbasadris la fè konnen moman yo pa favorab pou retire BINUH nan peyi Ayiti paske ensekirite a prèske pran tout peyi a.

An reyaksyon, anpil Ayisyen kòmanse poze kesyon pou mande kisa BINUH sa itil peyi kote ensekirite ak lamizè fin wonje tout tisi sosyal sosyete a anba de je nasyon ini.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …