AYITI POLITIK : CANGÉ MACKENSON DENONSE AK TOUT FÒS LI KOMINOTE ENTÈNASYONAL LA ( KÒ GWOUP) POU ENJERANS YO NAN POLITIK PEYI A

CANGÉ Mackenson pòt pawòl Alyans demokratik kont tranzisyon an Ayiti An (ADEKTRA), ki prezante tèt li kòm yon Jovenelis, nan yon konferans pou laprès Militan angaje a fè jounen jedi 14 oktòb 2021 an, li lonje dwèt li byen long pou li denonse kominote entènasyonl la pou enjerans yo nan zafè politik peyi Ayiti.

Yon lòt kote, politisyen an fè konnen se menm kominote entènasyonl sa ki plonje pèp Ayisyen an nan gwo mizè lap andire a. Pilwen, jiris la fè kwè se menm kò gwoup sa ki enplike nan lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse lan paske zak asasinay sa se yon zak transnasyonal ki gen 4 peyi ladanl pami yo Etazini, kolonbi, sendomeng ak Ayiti.

Pou fini, CANGÉ Mackenson mande kò gwoup la pou bay peyi a yon chans epi sispann sipòte Ariel Henry paske mesye Ariel se yon enkilpe li ye nan zafè lanmò prezidan Jovenel Moïse lan. Lidè pati politik la fè konnen se pou lajistis mare kou krab Pm defakto Ariel HENRY.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …