AYITI/SEKIRITE : LAPOLIS FOUKE PLIZYÈ MANM GANG 400 MAWOZO

Nan yon kout filè lapolis mennen vandredi kenz (15) oktòb 2021 an, sis (6) manm gang 400 mawozo anba men otorite nan lapolis yo, selon enfòmasyon enstitisyon Polis Nasyonal Dayiti (PNH), pibliye sou kont Twitè ofisyèl ak paj Fesbouk li.

Seri manm gwoup gang 400 mawozo ki arete yo se  » Céus Sévère, Alexandre Jean Odson, Jeanty Jean Podelson, Ricardo Démosthène, Ronald Badette ak Nelson Petit-Frère », prezime bandi sa yo jwenn arestasyon nan moman Lapolis tap fè fouy sou wout yo. Daprè sa nou li nan enfòmasyon nan kominike ki disponib sou Twitè ak Fesbouk enstitisyon an. Pilwen, Lapolis presize moun sa yo arete pou enfraksyon asosiyasyon malfèktè.

Nou ap siyale, Lapolis fè konnen yo mete lapat jounen vandredi kenz (15) oktòb la sou Edner Désir, ki te fè kidnapin sou tèt li.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …