AYITI/ KIDNAPIN: NÈG AK ZAM KIDNAPE PLIZYÈ KRETYEN AMERIKEN NAN KOMIN GANTYE

Nèg ak zam kidnape samdi sèz (16) oktòb 2021 an, kenz (15) misyonè ameriken sou wout nasyonal nimewo uit (8) la « RN8″, komin Gantye, ki nan depatman Lwès peyi a. Zak la pase nan yon lokalite ki rele  » La Trembley 17″, nan moman yo ta pral vizite yon ofelina ki nan komin lan, daprè enfòmasyon redaksyon Echo Jounal, jwenn.

Pòt vwa gouvènman ameriken an, deklare » viv byen ak nan sekirite sitwayen ameriken yo ap viv nan peyi etranje se youn nan pi gwo prewokipasyon depatman Leta. Nou okouran de enfòmasyon an nou paka di plis bagay pou moman sa », deklarasyon li fè ak jounal Ajans Frans Près.

Nou ap siyale, nan moman Lapolis tap tante detounen yon kidnapin jounen samdi a yon polisye (BLTS), fè vwèl pou peyi san chapo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …