AYITI/KOMEMORASYON: NÈG AK ZAM FÈ ARIEL HENRY KOURI KITE PON WOUJ.

_Nan okazyon komemorasyon dat asasina papa nasyon an, Jean Jacques Dessalines, Ariel Henry, premye minis defakto ayisyen an, te rann li Pon Wouj ki se, daprè anpil istoryen, espas kote anperè Jacques 1er te asasinen. Sepandan, akoz anpil kout zam ki t ap chante nan zòn nan te blije chèf primati a kouri kite espas la pou li t al kontinye seremoni an nan Mupanah._

Ariel Henry pa t gentan depoze flè nan pye papa nasyon an pon Wouj akoz nèg ak zam kite nan espas la. Chèf primati a te oblije kite espas pou li rann li nan Mupanah kote seremoni an ta pral fèt.

Alòske, mèt Samuel Madistin ki se responsab dwa moun nan fondasyon je klere, fè konnen Ariel Henry te bay nèg ak zam 20 milyon goud pou li te ka gen aksè ak Pon Wouj.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …