AYITI/MANIFESTASYON: LAPOLIS KRAZE SITIN KONT OGMANTANSYON PRI RETRÈ MON CASH LA

Jan sa te anonse depi semèn pase, anpil sitwayen t al eksprime kòlè yo ak fristrasyon yo pou ogmantasyon ki fèt sou frè retrè Mon Cash la devan santral Digicel ki nan Tijo jounen lendi 18 oktòb 2021. Fòs lòd yo, bò kote pa yo, kraze sit-in nan ak gaz lakrimojèn.

Frè sou ogmantasyon retrè Mon Cash yo ap rantre an aplikasyon apati jounen lendi 18 oktòb 2021, daprè sa Digicel te anonse nan mesaj li te voye bay abone li yo. Yon dezisyon ki leve plim sou do anpil ayisyen e ki lakoz yo t al rasanble devan lokal Digicel ki nan tijo a lendi 18 oktòb 2021 pou te yo eksprime mekontantman yo parapò ak dezisyon sa a anpil nan yo kalifye » mechanste ak malonèt ».

Lapolis Nasyonal Dayiti, bò kote pa l, pa t wè sa menm jan. Fòs lòd yo kraze sit-in ki t ap fè t devan lokal Digicel la.

Malgre anpil vwa nan sosyete a leve pou yo di yo pa dakò ak ogmantasyon ki fèt sou pri retrè frè Mon Cash yo, Digicel pa fè bak sou dezisyon an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …