AYITI /KIDNAPIN : BANDI AK ZAM KIDNAPE YON DOKTÈ NAN ZÒN METWOPOLITÈN LAN

Bandi ak gwo zam fann fwa kidnape doktè Elizabeth VICTOR nan rantre sid kapital la pi presizeman nan zòn matisan pandan li tap rantre lakay li jounen samdi 16 oktòb 2021 an.

Selon enfòmasyon nou fè anpil konfyans redaktè Echojounal yo jwenn, pedyat la te rete nan komin kafou, li tap demenaje pou li ale rete nan sant vil la, se pandan doktè a ap retounen  sot fè mizanplas yo nan nouvo andwa a, bandi matisan kidnape li.

Nap souliye, machin kidnapin lan pran yon vitès siperyè nan peyi kote chak jou Bondye mete bandi kidnape pou pi piti 3 moun.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …