AYITI/GRÈV : FIGI LARI A POU DEPATMAN SIDÈS, NIP AK SID

Jan divès òganizasyon nan transpò ak pwopriyetè, sendikal ak politik te anonse yon jounen grèv lendi dizuit (18) oktòb 2021 respekte nan divès depatman ak komin ki nan Grand Sid peyi a rive respekte.

Nan depatman Sidès, aktivite yo parèt paralize nan divès komin nan deptaman sa a sitou nan chèf lye a Jakmèl, sikilasyon machin ak moto an ralanti, lekòl yo fonksyone nan ralanti, daprè konsta kèk konfrè jounalis ki nan depatman sa epi pataje l ak sal redaksyon Echo Jounal.

Nan depatman Nip, sitiyasyon patwò diferan nan estasyon Bèken, ki nan premye seksyon komin Miragwàn pagen aktivite sikilasyon machin ki fè transpò sòti Miragwàn pou Pòtay, ni machin pou Miragwàn ale Okay. Aktivite lekòl yo paralize anpil timoun kite pran wout lekòl kase tèt yo retounen, daprè konsta redaksyon Echo Jounal.

Selon enfòmasyon, jounalis nan deptaman Sid peyi a pataje ak redaksyon Echo Jounal, fè konnen nan estasyon okay kat (4) Chemen, sitiyasyon an sikilasyon machin ak moto, sèlman kèk moto prive, lekòl la pa fonksyone pou jounen lendi 18 oktòb la.

N ap raple, mouvman grèv sa a divès gwoup te lanse nan peyi a pou kapab denonse ensekirite, fenomèn kidnapin, ratman gaz la k ap taye banda nan peyi a.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …