PLIZYÈ MOUN BLESE DEVAN PALMAN BRITANIK LA APRE YON MACHIN FIN RANTRE SOU YO

Lapolis nan vil Lond peyi Angletè arete yon nèg ki antre yon machin sou yon gwoup pyeton ak siklis devan palman britanik la jodi Madi 14 out 2018 la.

Bilan plizyè mounn blese.
Otorite yo di polisye yo arete chofè machin nan anba akizason teroris.

Fòs de lòd yo fè konnen pat gen lòt mounn nan machin nan e yo pa jwenn zam.

Sèvis anbilansye nan vil lond fè konnen li trete e transpòte (2) de mounn lopital.

Kervens Louis
Kervenslouis459@gmail.com
+509 44120020

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …