LEMOND/ATAK : 43 MOUN MOURI NAN YON MACHE PIBLIK NAN PEYI NIJERYA

Nan yon atak ki fèt jounen dimanch 17 oktòb 2021 an, 43 moun mouri nan yon mache piblik ki nan Nòdwès peyi Nijerya.

Nan yon bilan otorite nan peyi Nijerya, prezante jounen lendi 18 oktòb la, fè konnen gen 43 moun mouri ak plizyè lòt blese, bandi ki fè aksyon sa yo sòti nan vilaj  » Goronyo » ki nan Eta « Sokoto », selon pòt vwa gouvènman « Sokoto » a Muhammad Bello, nan yon kominike.

N ap siyale, peyi Nijerya, ap fè fas depi byen lontan ak yon ensekirite kote nan plizyè repriz bandi simen latwoublay nan peyi sa.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Équateur: des attaques armées contre des civils font 14 morts

Deux attaques armées contre des civils ont fait au moins 14 morts dimanche dans une …