AYITI/SEKIRITE: LA POLIS ARETE SIS (6) ENDIVIDI YO AKIZE KÒM KIDNAPÈ AK ASOSYASYON MALFETÈ.

Sis (6) endividi jwenn arestasyon yo bon repo nan yon katye ki twouve li nan komin kwadèboukè mèkredi 20 oktòb 2021 an.

Akize kòm asosyasyon malfétè ak kidnapè, popilasyon an denonse sitwayen sa yo ki fè pati yon gwoup gang ki gen nan tèt li Patrick kap opere nan zòn sila.

Djeffny Laguerre (20 lane), Fredelin Jean Batiste (24 lane), Clarens Moreau (18 lane), Jean Yves Destiné (28 lane), Bellevue Jean Renel (36 lane) ak Peter Cangé (22 lane). Se non sitwayen sa yo la polis Arete.

Nap soulinye, plizyè ka kidnapin anrejistre pou jounen mèkredi 20 oktòb la pami yo 2 adolesan, youn nan yo rele lason Nelson ki gen 9 lane, Bandi ak zam kidnape anndan lakay li a 2 zè nan maten.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …