LEMONN/REZO: DONALD TRUMP ANONSE LANSMAN PWÒP REZO NASYONAL LI :  » TRUTH SOCIAL »

_Ansyen prezidan ameriken an, Donald Trump, bani ni sou twitè, ni sou fesbouk depi atak ki te fèt sou kapitòl la 6 janvye 2021, chwazi lanse pwòp rezo sosyal li ki pote non « Truth Social »._

Donald Trump lanse pwòp rezo sosyal li nan sousi pou li antre an konkirans ak jeyan nan zafè teknoloji ki pa vle l ye. Nan sans sa, Trump media and technoloy group, gwoup li a pral fè yon sèl ak « Digital World Acquisition ».

Donald Trump fè konnen antrepriz sa pral lanse yon nouvo rezo sosyal ki ap rele « Truth Social », « verite sosyal ». L ap disponib an vèsyon beta an novanm e pou tout moun nan premye trimès 2022 a.

Objektif demach sa se mete sou pye yon yon pakèt medya ki ka di sa yo, jan yo vle e pou yo replike ak gran konpayi nan zafè teknoloji nan monn nan, rapòte RFI.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …