AYITI/POLITIK : ANDRÉ MICHEL SOU WOUT POU DIVÒSE AK PREMYE MINIS DEFAKTO ARIEL HENRY

Aprè mèt André Michel te fin kontan, de (2) bral ouvè, lang deyò tankou chat ki wè bè lè li tap siyen akò apezman, akò peze souse a 11 septanm 2021 an. Kounyea, nan yon deklarasyon mèt la fè mèkredi 20 oktòb 2021 an, li sou wout pou li divòse avèk pwòp akò li te akouche a.

Pilwen, anbasadè lèt bongou a nan zafè politik mèt André Michel move kou kong sou PM dasomann lan Ariel Henry poutèt li poko revoke direktè polis la Mesye Léon Charles, responsab sektè demokritik ak popilè a (SDP) lanse yon iltlmatòm bay lokatè primati a, reprezantan diri bongou a nan zafè politik la fè konnen li bay PM defakto Ariel 1 novanm 2021 jou fèt mò yo pou li fòme yon nouvo gouvènman epi revoke direktè polis la Léon Charles si li pa fèl 18 novanm 2021 nap pran lari a kont PM defakto a.

Nap raplew, se menm André Michel sa ki te toujou ap mande pèp la pran lari kont ansyen prezidan Jovenel Moïse, jodia li nan akò apezman, bouch li plen lèt ak diri bongou pèp la pa ladanl.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …