AYITI/ ASASINAY : ENTÈPÒL METE MEN SOU YOUN NAN SISPÈK NIMEWO 1 NAN ASASINAY ANSYEN PREZIDAN JOVENEL MOÏSE.

Palacios se non youn nan kolonbyen yo estime selon DCPJ ki se sispèk nimewo 1 jwenn arestasyon li nan peyi jamayik. Polisye entèpòl mete men nan pat kasav prezime ansasen an pou enplikasyonl nan lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021 nan rezidans prive prezidan nan lokalite pèleren 5 ki chita kòl nan komin petyonvil.

Selon Gary Pierre Paul Charles, otorite nan peyi Kolonbi ap planifye sou le plan diplomatik pou negosye ak otorite nan peyi jamayik pou pa voye prezime ansasen an nan peyi Ayiti pou vin reponn kesyon, nan lide pou ka bloke ankèt kap mennen pou ansyen lokatè palè nasyonal la jis pou limyè pa fèt sou dosye asasinay la.

Nap raplew, selon ankèt DCPJ a Palacios se yon eleman kle pou ankèt la paske li se youn nan kolonbyen kite rantre kay prezidan an pandan kriminèl yo tap touye chèf leta a.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …