LEMOND/ ENTANPERI: PASAJ TANPÈT « AURORE » FÈ GWO DEGA NAN KONTINAN EWOPEYEN AN

Tanpèt « Aurore » ki frape peyi Polòy sòti madi 20 ak mèkredi 21 oktòb 2021 an, lakoz kat (4) moun mouri ak 6 lòt blese epi plizyè fanmi sinistre, daprè enfòmasyon otorite peyi Polòy yo mete disponib.

Tanpèt  » Aurore », ki pa sèlman frape peyi Polòy men plizyè lòt peyi nan kontinan ewopeyen an tankou nan peyi Lawoland, Almay ak repiblik Tyèk ki gen 4 moun blese ak 50 000 fwaye pa gen elektrisite nan peyi Almay ak 270 000 lòt nan repiblik Tyèk, daprè otorite peyi sa yo bay sou pasaj tanpèt « Aurore ».

N ap siyale, tanpèt « Aurore », frape plizyè peyi nan kontinan Ewop la tankou Polòy, Almay, repiblik Tyèk ak peyi Lafrans kote plis yon santèn milye fanmi sinistre.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …