SINEMA/ DRAM : YON AKTÈ TOUYE YON MOUN E YON LÒT BLESE, AKSIDANTÈLMAN PANDAN TOUNAJ YON FIM

Pandan tounaj yon fim, aktè Alec Baldwin touye ak bal, aksidantèlman, jedi 21 oktòb 2021 an direktris fotografi a, Halyna Hutchins e blese reyalizatè western nan, Joël Souza.

Yon gwo dram rive fèt nan peyi eta ameriken nouvo Meksik pandan tounaj yon fim. Aktè Alec Baldwin tire, pa aksidan ak yon zam ki te dwe gen bal a blan, sou direktris fotografi a, Halyna Hutchins e blese reyalizatè a, Joël Souza.

Halyna Hutchins, 42 lane, malgre dilijans ki te fèt kote elikoptè te vin pran l pou kouri lopital avèl, li arive mouri daprè sa medsen yo fè konnen. Bò kote pa l, reyalizatè Rus la Joël Souza ki gen 48 lane a nan swen entansif.

Daprè pòt pawòl cherif la Hollywood reporter site, reyalizatè a twouve l nan yon eta ki kritik anpil. Sepandan, daprè yon pòt pawòl pwodiksyon an, sa ki pase a se yon aksidan kote zam nan te dwe gen bal a blan.

« Lapolis te kesyone aktè Alec Baldwin. Li bay tout deklarasyon posib, li te reponn ak kèk kesyon. Se li menm ki t al pote tèt li ale volontèman. Pou kounya, pa gen okenn chaj yo kenbe kont li », daprè AFP.

Alec Baldwin, 63 lane, dènye tan sa yo vini yon aktè ki popilè anpil nan peyi Etazini apre fason l vin ap imite Donald Trump nan emisyon satirik Saturday Night Live.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …