Entènasyonal fransè a, Patrice Evra, nan yon otobiyografi li genyen ki ap soti 28 oktòb fè konnen li te viktim abi seksyèl pandan li te gen 13 lane. E zak sa, se « principal » li a ki te fè l pandan li te nan kolèj.
Ansyen jwè Juventus Turin, Patrice Evra fè konnen li pa t janm vle pale sou sa. » Mwen te wont pou m te di m te viktim abi seksyèl, men m pa vle lòt timoun santi menm sa m te santi a », afime ansyen jwè Man United la nan otobiyografi li ki ap rele: » I love this game ».
Ansyen defansè ki kite foutbòl sa gen 2 lane, deklare nan jounal kolòn Times, yon kotidyen Britanik, moun ki te abize l seksyèlman an se te direktè kolèj li te ye a. » Li te banm rete lakay li paske ant lekòl la ak lakay mwen se te yon long trajè ».