AYITI/EKONOMI: PRIMATI DEMANTI ENFÒMASYON KI FÈ KWÈ LAJAN AMERIKEN AN DESANN SOU MACHE NASYONAL LA

Nan yon nòt pou la près samedi 23 oktòb 2021 an, biwo kominaksyon primati a demanti enfòmasyon k’ap sikile sou rezo sosyal yo ki fè kwè dola ameriken gen stabilite sou mache fòmèl la pa rapò ak goud la. Ki fèl chanje 60 goud pou yon dola ameriken jiska janvye 2022.

« Nou envite chak grenn sitwayen ayisyen fè anpil pridans, nan fason n’ap itilize divès mesaj san fondman epi ki pa verite » daprè sa nou li nan nòt la.

Responsab kominikasyon biwo primati yo fè konnen fo enfòmasyon sa yo sòti bò kote kèk sektè ki gen lide pou kreye twoub ak konfizyon nan mitan popilasyon an.

N ap soulinye, pandan dènye mwa sa yo dola ameriken an pa gen yon estabilite sou mache nasyonal la kote to referans bank repiblik Ayiti (BRH) samdi 23 oktòb la te 99.59 goud pou yon dola ameriken.

 

 

Vernois Marie Wanide Nencha

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …