AYITI/EDIKASYON : ADMINISTRASYON KOMINAL SITE SOLÈY LA DEVWEL TOUT BON POU LI RETIRE ZAM NAN MEN JÈN SITE SOLÈY YO.

Administrasyon kominal site solèy la ki gen nan tèt li FRÉDÉRIC Jean Hislain ak tout yon estaf detèmine tout bon pou yo retire zam nan men jèn kap viv nan komin site solèy, pou yo ranplase zam lan pa yon diplòm inivèsitè oubyen yon sètifika pwofesyonèl.

Daprè kwòdonatè an, ansyen depite dèlma Mesye Garcia gen plis pase 2000 jenn fanm ak jenn gason kap pran fòmasyon nan diferan inivèsite nan kapital la tankou inivèsite otonòm pòtoprens (UNAP), Kiskeya, yave Nisi poum site sa yo sèlman, Pwofesè Garcia fè konnen, ane akademik sa yap pran plis pase 1000 Jenn fanm ak jenn gason nan pwogram bous sa.

Majistra FRÉDÉRIC tou pwofite pou li mande tout jenn gason ak fanm ki fin fè filo nan komin site solèy pase nan meri a vin pran bous paw la, nimewo 1 komin site solèy la tou pwofite bay objektif pwogram sa ki se retire zam kap touye moun lan nan men jèn yo ranplase yo pa yon diplòm oubyen yon sètifika.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …