AYITI/SOSYETE: DOUZ 12 FANM ONORE NAN KOMIN BARADÈ NAN OKAZYON JOUNEN ENTÈNASYONAL FANM ANDEYÒ YO

Direksyon depatmantal ministè kondisyon fanm ak dwa Fanm Nip (MKFDF), onore jounen dimanch ven kat (24) oktòb 2021 an, douz (12) fanm ki sòti nan komin Baradè, depatman Nip. Seremoni remiz plak onè ak merit sa yo ki te reyalize nan senkyèm seksyon rivyè Sale, komin Baradè an prezans manm direksyon depatmantal (MKFDF) Nip, kòdonatris Mouvman Fanm Nip (MOFAM Nip), Marie Carme Sineas Dumelfort.

Kòdonatris depatmantal ministè fanm ak dwa fanm Nip lan, Seourette Devalcy, fè konnen aktivite sa fèt an avans selebrasyon jounen entènasyonal fanm andeyò yo kenz (15) oktòb ki selebre ane sa anba tèm  » fanm riral se senbòl rezistans pou remanbre ekonomi peyi ». Pilwen, kòdonatris Devalcy, ki presize ane sa ministè a onore douz (12) fanm andeyò nan komin Baradè se pou kapab ankouraje nan bon travay y ap fè nan sosyete a.

De (2) nan fanm ki resevwa onè ak merit sa yo, montre kè kontan ak fyète yo genyen e an menm tan remèsye direksyon depatmantal ministè kondisyon fanm ak dwa fanm Nip kite idantifye kòm fanm k ap fè bon travay nan kominnote yo, pandan yo pwomèt yo pral kontinye travay nan enterè kominote yo.

Kòdonatris mouvman fanm Nip (MOFAM Nip), Marie Carme Sineas Dumelfort, felisite direksyon depatmantal ministè fanm nan depatman Nip chak ane ki toujou onore vrè fanm k ap viv andeyò yo. Militan fanm lan, ki fè konnen fanm k ap viv andeyò toujou rankontre anpil difikilte tankou wout, pwoblèm sante yo souvan nan gwo difikilte chak fwa yo ap akouche. Pandan li pwofite mande Leta pou devlope yon bon politik pou fanm k ap viv andeyò yo.

N ap siyale, nan seremoni selebrasyon jounen entènasyonal fanm andeyò yo nan douz (12) fanm ki onore yo sòti nan divès sektè ladan yo ki nan travay latè, machann, fanm nan òganizasyon, fanm k ap akouche moun « matwòn », elatriye.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …