AFRIK/POLITIK : KOUDETA NAN PEYI SOUDAN

Koudeta nan peyi Soudan. Lame soudanèz mete anba kòd, jounen lendi 25 oktòb 2021 an nan maten, plizyè dirijan soudanè lakay yo, pami yo premye minis la ak manm sivil konsèy souverènte, daprè enfòmasyon minis enfòmasyon an konfime.

Lame nan peyi soudan arete plizyè dirijan tranzisyon an e pami yo premye minis Abdallah Hamdok

Arestayon plizyè minis ak manm sivil konsèy tranzisyon an mete luil sou dife nan jesyon politik peyi Afrik Lès sa.

Daprè kominike minis enfòmasyon an mete deyò, lame nan peyi soudan arete premye minis soudanè a, Abdallah Hamdok paske li refize sipòte « koudeta » a, rapòte RFI.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …