ESPÒ: AST RANPÒTE KATRIYÈM EDISYON TOUNWA « NOTRE DAME » NAN.

Katriyèm edisyon tounwa  » Notre Dame  » Klèb fanatik sportissibo (CFS) òganize nan zòn metwopolitèn pòtoprens la pou ti mounn ki genyen pi piti pase 13 lane yo rive nan bout ayè mèkredi 15 dawout la .

Ekip AST a ranpòte konpetisyon an aprè bèl viktwa (3-1) li fè sou Union NAC petyonvil nan pak senterèz .

Lamarre Wilsmith (2 gòl) ak Charles Dany Junior garanti viktwa ekip AST a , alòske Pierre Louis Zakarie te enskri grenn gòl ekip Union NAC la.

Tounwa « Notre Dame’ ane sa te genyen reprezantan (4) kat komin nan zanviwon kapital la  » pòtoprens ,kafou , Dèlma ak petyonvil. »

Klèb fanatik sportissibo yo (CFS) òganize konpetosyon sa nan lide pou dekouvri talan kache ki kapab vin briye nan foutbòl nasyonal la.

Kervens Louis

Kervenslouis459@gmail.com
+509 44120020

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ballon d’Or 2025 : Entre prestige et illusion dorée.

Le 22 septembre prochain, le Théâtre du Châtelet à Paris accueillera la 69e cérémonie du …