AYITI/KILTI: « CENTRE CULTUREL MUNICIPAL MANNO CHARLEMAGNE » LANSE NAN KAD SELEBRASYON LANG AK KILTI KREYÒL NAN PEYI A FESTI KREYÒL AYISYEN

_ »Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne ki nan komin Kafou, Tò 12, lanse inisyativ « Festi kreyòl ayisyen » nan kad selebrasyon Lang ak Kilti kreyòl soti 21 pou rive 28 oktòb 2021. Festival la ap fèt anba tèm : »Kreyòl pale kreyòl konprann » e envite ki ap alonè a se ekriven- powèt-komedyen pwofesè, Garnel Innocent._

« Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne » ap selebre Lang ak Kilti Kreyòl nan peyi a pandan mwa oktòb la ak lansman yon inisyativ ki pote non : Festi Kreyòl Ayisyen e l ap reyalize anba tèm : »Kreyòl pale Kreyòl konprann, soti 21 pou rive 28 oktòb 2021. »Festival l ap reyalize nan sousi pou valorize, fè pwomosyon ak rann aksesib yon seri zèv atistik, atizanal epi literè ki mete lang ak kilti kreyòl an valè », ekri nan yon dokiman animatè sant kiltirèl la, Gabynho Leblanc, mete deyò.

Daprè dokiman an envite alonè a, Garnel innocent, fèt nan dat 10 fevriye 1973 nan Pòtoprens. Ekriven-Komedyen-Powèt ak pwofesè, mesye Garnel innocent fè plizyè ale vini nan monn lan ak Franck Etienne. Alòske li gen plizyè nan kouti, envite alonè a gentan pibliye yon pakèt liv deja tankou : Leksife Léa kokoye.

Festival sila a gen yon pakèt objektif li vize. »1) Kreye yon espas echanj ak deba sou lang ak kilti kreyòl ayisyen an nan kominote a. 2) Ankouraje kominote a li ak ekri an kreyòl. 3) Fè medyasyon ant liv, otè ki ekri nan an kreyòl ak kominote a. 4) Inisye kèk manm nan kominote a nan domèn teyat, enstriman mizik tradisyonèl tankou tanbou ak kreyasyon literè ».

Pandan semèn 21 oktòb pou bout 28 oktòb 2021 an pwogramasyon an ap chaje nan « Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne »la. « 21 oktòb ap gen ekspozisyon nan lè 9è am -5è pm; 22 oktòb ap gen atelye teyat nan lè 4è apremidi kote entèvenan an se ap Garnel Innocent; 23 oktòb se ap jounen jwèt tradisyonèl 9è am – 5è pm; 25 oktòb se ap atelye tanbou nan lè 4è pm ak Oktavyo Petefetay kòm entèvenan ; 26 oktòb se ap espektak ak plizyè entèvenan tankou : Garnel Innocent, Destin Jean Claudy, Stevleau ; 27 oktòb ap gen atelye ekriti (Nouvèl) e Gabynho Leblanc se ap entèvenan an ; 28 oktòb 2021 ap gen tab wonn nan lè 4è apremidi. »

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …