AYITI/AKSIDAN: JOUNALIS FOTOGRAF WESLY GEDEON FÈ VWÈL POU PEYI SAN CHAPO

Wesley Gédéon, jounalis fotograf, mouri vandredi 22 oktòb 2021 an apre yon aksidan li fin fè sou moto sou ti mòn Nazon an, daprè sa papa jounalis fotograf la esplike nan laprès.

Wesly Gedeon soti depi lòt vandredi li pa rantre. Lè papa l wè sa li te bije al gade tout kote, notamman nan soukomisarya kafou ayopò e se la papa a ta pral wè moto li a.

Daprè enfòmasyon yo, chèf pòs la esplike papa Wesley Gédéon pitit li a mouri depi vandredi apre yon aksidan sou moto nan ti mòn Nazon an. Li pa t gen chans rive lopital ; li te mouri touswit.

Tout estaf Echo jounal la koube yo byen ba devan kadav jounalis fotograf Wesly Gedeon pandan yo ap swete fanmi, zanmi ak pwòch defen an kondoleyans.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …