AYITI/ ZEN: YON CHÈF GANG TOUNEN ATIS NAN PEYI AYITI

Chèf gang vilaj de Dye a, ki pote non  » Izo 5 second », ki se chèf gang vilaj de Dye a tounen yon atis, aprè yon mizik rap ki pote non chèf gang vilaj de Dye a  » Izo 5 second ».

Yon mizik rap ki dire de (2) minit trant sèt (37) segond  » 2mn 37′ « , ki ap pibliye nan divès gwoup ap jwe nan plizyè medya nan peyi a, ki rele  » Izo 5 second », ki kreye anpil pale nan mitan sosyete a epi poze kesyon » èske se menm izo vilaj de Dye a ki fè mizik la » ?

 » Mwen menm pagen anyen ki ka etonem ! Sou mizik sa ki ap sikile a, mwen kwè se izo bandi a menm ki fèl. Paske tout tan misye ap fè layv sou Fesbouk ak Enstagram, sa pap fèm kyè », deklarasyon yon sitwayen ki pale ak redaksyon Echo Jounal.

 » bon ann serye, pou jan peyi sa ye la kiyès ou panse ki t ap al site non Izo nan yon mizik ? Sèlman m konstate peyi a fini », yon lòt sitwayen ki endinye ak sa kap pase nan peyi a.  » ou wèm te di Ayiti ka chanje, men dènye sa pouvem chanjman pa egziste pou peyi a », se sa yon lòt sitwayen ajoute.

N ap siyale, mizik sa ki dire de (2) minit trant sèt (37) segond  » 2 mn 37 ‘ « , ap vire entènèt la depi wikenn lan pèson otorite kit nan ministè kominikasyon ak konatèl paka bay ni di orijin mizik la.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …