Gwo mouvman pwotestasyon òganize jounen lendi 25 oktòb 2021 an, nan Komin Ench, ki nan depatman Sant pou denonse ratman gaz la ak ensekirite a.
Bilan yo yon pòs polis ki nan antre vil Ench lan, anba gwo dife akoz yon manm nan pwotestatè yo ki resevwa yon katouch. » Echo Jounal, ki tem diw nou pran lari a pou nou denonse ensekirite a ak ratman gaz la, konsa yon bal sòti epi vin pran jenn gason sa ki rele Rochnel, men mwen ap sètifyew bal la sòti nan mitan polisye yo ki te nan tipòs la », daprè deklarasyon youn nan temwen yo.
N ap fè remake, depi maten vil Ench ki nan depatman sant bloke pou mande ak Leta ayisyen pou pran responsabilite l pou pèmèt gaz la kapab distribiye nan tout peyi a.