Pastè legliz Jesus Center a, Jean Ferret Michel jwenn liberasyon li apre midi lendi 25 oktòb 2021 an selon enfòmasyon nou rive jwenn.
Pastè a rantre lakay li apre li finn pase plizyè semèn nan men ravisè yo malgre fanmi li te vèse yon gwo sòm lajan pou te libere li men yo te toujou kenbe li. liberasyon an vini apre minis jistis la ki akize kòm moun ki ta otè kidnapin nan ta mande pou libere li nan yon medya nan kapital la selon enfòmasyon ki rive jwenn nou nan redaksyon nou.
Nap raple, bandi yo te kidanape pastè a jou ki te dimanch 3 oktòb 2021 an anndan legliz Jesus Center a nan Dèlma 29.