AYITI/GAZ: SANT ANBILANSYE NASYONAL SOU WOUT POU KANPE AKOZ PWOBLÈM GAZ LA

Sant anbilansye nasyonal ki gen sig nan lang fransè (CAN), sou wout pou kanpe tout sèvis li jounen madi 26 oktòb 2021 an, akoz ratman gaz la ki ap pèsiste sou mache nasyonal la.

Direktè jeneral sant anbilansye nasyonal la, doktè Didier Erold, fè anons lan nan pandan jounen 25 oktòb la. Nan entèvansyon li doktè Erold, fè konnen pwoblèm gaz la ki afekte pou pi piti 60 % enstitisyon an akoz anbilans ki ap fè transpò maladi yo prèske sanse fin kanpe akoz pa gen gaz pou met ladan yo pou kapab transpòte malad yo.

N ap fè remake, nan depatman Nip peyi a sant inite pwodiksyon oksijèn pou gran Sid la, te deja anonse yo pral kanpe nan pwodwi oksijèn akoz yo paka jwenn gaz.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …