LEMONN/MARYAJ: NAN MARYAJ PITIT FI PAUL WALKER A, VIN DIESEL TE AKONPANYE LI DEVAN CHÈ LEGLIZ LA

Aktè Vin Diesel, ki se te bon zanmi Paul Walker, aktè parèy li e ki patisipe nan plizyè fim Fast and Furious ak li, pa te rate okazyon pou li te rann zanmi li an yon omaj. Nan maryaj pitit fi Paul Walker a, Meadow Walker, nan peyi Sendomeng se Vin Diesel ki te akonpanye li pou li rantre legliz la kòm si se te papa l.

Vin Diesel chwazi rann Paul Walker, ki te pèdi lavi l nan yon aksidan, yon omaj ekstrawòdinè nan kòmansman mwa oktòb la. Soti nan fiksyon pou pase nan reyalite, Paul Walker se te bon zanmi Vin Diesel.

Entreprèt Dominic Torreto a, nonsèlman pa rate maryaj pitit fi ansyen bon zanmi l lan, men li pa t prezan tankou yon senp envite.

Chwazi marye ak Louis Thornton-Allan, pitit fi paul Walker a, Meadow Walker te gen Vin Diesel ki te akonpanye l menmen l devan chè a bay fiti mari li.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …