Lemonn/Politik: » Anbasadè Etazini ak nèf lòt anbasadè deklare pesona non grata nan peyi Latiki »

_Prezidan peyi Tiki a, Recep Tayyip Erdogan, anonse li mande ministè zafè etranje li a pou li deklare diz  (10) anbasadè « persona non grata » nan peyi a, pami yo: anbasadè peyi Etazini, Almay, Lafrans. Anbasadè peyi sa yo te reklame liberasyon touswuit opozan, Osman Kavala, bèt nwa rejim nan._

Prezidan peyi Latiki a, Recep Tayyip Erdogan, fè konnen anbasadè sa yo ki lanse yon apèl pou mande liberasyon opozan Osman Kavala ap kite peyi a.

« M bay lòd ak minis zafè etranje a pou li regle pi rapid posib deklarasyon 10 anbasadè sa yo ki deklare persona non grata », afime chèf Leta Tik la pandan li te an deplasman nan sant peyi a. Toutfwa, Recep Tayyip Erdogan pa di kilè diplomat sa yo ap gen pou kite Latiki.

« Anbasadè sa yo dwe konnen e konprann Latiki. E si yo pa konnen, yo dwe kite l », deklare Recep Tayyip Erdogan ki, an menm tan, akize anbasadè sa yo » endesans ».

Bò kote pa l, chèf opozisyon an, Kemal Kiliçdaroglu estime menas pou mete 10 anbasadè yo deyò a riske mete peyi a nan plis katchouboumbe, rapòte France 24.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …