ESPÒ: GRENADYÈ YO RANTRE NAN PEYI A AYÈ.

Aprè patisipasyon yo nan nevyèm edisyon mondyal foutbòl fanm pi piti pase 20 lane a nan peyi lafrans , seleksyon ayisyèn nan rantre nan peyi a ayè  mèkredi 15 dawout 2018 la.

Otorite nan leta ansanm ak manm sektè prive a te akeyi jèn grenadyè yo ak anpil bèl flè ansanm ak drapo peyi a.

Eliminasyon seleksyon nasyonal la depi nan premye tou koup dimond lan pat anpeche ayisyen tout kote sou latè te santi anpil fyète pou fason ekip la te defann koulè peyi a.

Kervens Louis

Kervenslouis459@gmail.com

+509 44120020

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …