AYITI/ SEKIRITE: AFWONTMAN LAPOLIS AK « G9 » NAN KOMIN DÈLMA LAKOZ POU PI PITI 2 MOUN MOURI

Afwontman ant Lapolis ak baz G9, nan sware madi 26 oktòb 2021 an, lakoz pou pi piti 2 moun mouri ak plizyè lòt moun sòti blese. Daprè sa, redaksyon Echo Jounal, aprann seri blese sa yo sòti nan kan popilasyon an.

Yon sitiyasyon ki vini nan moman fòs lòd yo deside atake gwoup gang « G9 an fanmi ak alye » ki gen nan tèt li ansyen polis Jimmy Cherisier, alyas « Barbecue » aprè li te fin deklare pou gaz kapab sòti nan  » varreux » fòk premye minis Ariel Henry demisyone nan primati a.

N ap fè remake, operasyon sa tanmen aprè kèk chanjman nouvo direktè polis la Frantz Elbé, fè nan kòmandman polis la.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …