LEMONN/REZO SOSYO: PREZIDAN PEYI BREZIL LA TONBE ANBA SANKSYON PLATFÒM VIDEYO YOUTUBE PASKE LI DI SAL PANSE SOU VAKSEN KOWONAVIRIS LA

Platfòm videyo youtube bloke kont prezidan peyi Brezil la, Jair Bolsonaro jounen lendi 25 oktòb 2021 an pou yon semèn.

Youtube pran desizyon sa akoz prezidan brezilyen an poste yon videyo kote li pale mal de vaksen kowonaviris la, li fè konnen nan videyo ke vaksen an bay lòt enfeksyon tankou sida olye li pwoteje moun ki pran li yo vre, pou prezidan brezilyen an kesyon vaksen an se pa yon garanti men pito yon strateji pou touye plis moun nan mond lan.

Apre videyo sa, platfòm videyo youtube jije sa prezidan ap di yo deranje e se ta manti kont vaksen an, yo retire videyo a epi anpeche Jair Bolsonaro poste lòt videyo epi fè dirèk pandan sèt (7) jou.

Nap fè konnen, plizyè senatè nan peyi Brezil mande lòt platfòm yo tankou facebook, twitter ak Instagram pou fè menm jan ak youtube pou bloke kont prezidan Jair Bolsonaro yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …