AYITI/ENSEKIRITE : MINIS JISTIS AK SEKIRITE PIBLIK LA KOURI KITE « VARREUX » ANBA KATOUCH

Minis jistis ak sekirite piblik la, Liszt Quitel, kouri kite « terminal Varreux » jounen mèkredi 27 oktòb 2021 an, anba gwo kout zam bandi ki t ap fè lalwa.

Minis jistis la ak twoup li ki te ale nan « Terminal Varreux », pou asire gaz la te ka kòmanse distribiye jounen 27 oktòb la, yon tantativ ki echwe nan moman retou minis lan nèg ak zam vide katouch sou kotèj la. Minis Liszt Quitel, ki entèvni nan laprès konfime atak la epi fè konnen li anfòm pou kounye a.

N ap siyale, nan yon operasyon Lapolis te mennen nan lannwit madi 26 oktòb la nan zòn Dèlma, selon enfòmasyon yo 2 moun mouri pandan operasyon sa.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …