AYITI/GAZ: ETAZINI ANONSE YO PRAL EDE AYITI NAN LIVREZON GAZ LA.

Pòt pawòl mezon blanch lan, Jen Psaki anonse Etazini pral pote sipò li pou pèmèt gaz la rive nan ponp yo.

Nan yon rankont ak laprès mèkredi 27 oktòb 2021 an, pòt pawòl mezon blanch lan di li konstaste fason ensekirite a lakoz livrezon gaz la pa posib nan peyi Dayiti, depi anviron 2 semèn tout aktivite yo paralize sou tout teritwa nasyonal la. Jen Psaki anonse Eta Ameriken ap akonpanye polis nasyonal la pou gaz la rive jwenn popilasyon an.

Pou sa ki gen pou wè ak 17 misyonè yo, gwoup gang 400 mawozo te kidnape yo, pòt pawòl la fè konnen yap fè tout sa ki posib pou otaj yo libere, li raple tou gen plizyè ajan FBI ak lòt responsab ameriken ki ap travay sou dosye sila.

Jen Psaki souliye, leta ameriken te alète sitwayen li yo pandan plizyè fwa nan mwa dawout ki sot pase a pou pa ale nan peyi Dayiti akoz ensekirite a.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …