POU YON AYISYEN ANTRE NAN PEYI AJANTIN LAP BEZWEN YON VIZA TOURIS.

Anbadadè ajantin nan an ayiti Pedro Cornelo Von Eyken konfime apati de fen mwa out 2018 la tout ayisyen ki prale an ajantin bezwen yon viza touris.

Daprè nouvèl yo an janvye 2018 anbasad la te estime te gen prèske 60 mil ayisyen kap viv an ajantin pifò pami yo se etidyan .

Diplomat la konfime jiskavan desizyon sa a ayisyen yo pat bezwen viza pou vizit ajantin kòm touris.

Touris ayisyen yo bezwen sèlman dokiman vwayaj , rezevasyon otèl ou byen yon lèt pou konfime kote lap ebèje pandan sejou a ak lajan poul viv nan peyi a pandan dire sejou a ki pa dwe depase 90 jou.

Kervens Louis

Kervenslouis459@gmail.com

+509 44120020

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …