LEMONN/REZO SOSYO: WHATSAPP PRAN GWO DISPOZISYON POU AMELYORE SÈVIS LI A

Daprè yon kominike WhatsApp mete deyò, li fè konnen itilizasyon tout vèsyon WhatsApp ki pa WhatsApp Messenger ka lakoz kont WhatsApp la bloke definitivman.

Gen senk aplikasyon WhatsApp ki pa ofisyèl, men anpil itilizatè itilize pou kèk patikilarite yo genyen. Non yo se : GBWhatsApp, YOWhatsApp, WhatsApp plus, FM WhatsApp, WhatsApp Aero.  » Si w jwenn yon mesaj nan aplikasyon w lan ki enfòme w kont ou a bloke pou yon ti bout tan konnen w ap itilize yon vèsyon ki pa ofisyèl de WhatsApp olye de vèsyon WhatsApp ofisyèl la », ekri nan kominike a.

Toutfwa, WhatsApp fè konnen si malgre kont lan sispann itilizatè a pa itilize vèsyon ofisyèl WhatsApp la, kont itilizatè a ka bloke definitivman.

 

« Byen konte mal kalkile »

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …