Minis jistis ak sekirite piblik la Listz Quitel, pase yon move moman nan komin site Solèy, mèkredi 27 oktòb 2021 an pandan vizit li nan « Terminal Varreux », pou te al fasilite distribisyon gaz la.
» Mwen met pyem atè, poum kapab ede fasilite gaz la distribiye », deklarasyon minis jistis ak sekirite piblik la Listz Quitel. Aprè deklarasyon sa nèg ak zam fè minis jistis la kouri anba anpil katouch, kote menm machin minis Quitel la resevwa katouch nan moman minis lan te ap kite « Terminal Varreux ».
Fòk nou di, abiman minis jistis la pou te al nan « Terminal Varreux », pa sispann fè deba sou rezo sosyal yo kòm kwa abiman minis lan patap ka bay plis ke kouri devan gwoup gang yo.
« Pi piti pi rèd »