Nan yon operasyon ajan « gad kot ayisyen melanje ak gad kotyè ameriken, yo rive sezi 635,5kg mariguana epi arete twa (3)moun ki gen nasyonalite Jamayiken nan jounen 27 oktòb 2021 an nan sou zile Lagonav daprè sa polisye yo fè konnen.
Aprè konsta legal jij de pè, lapolis transfere twa (3 ) Jamayiken sa yo nan biwo kap lit kont trafik dwòg (BLTS) .
Non twa jamayiken sa yo se:<< Williams Canute Wesley ki fèt 16 oktòb 1974 , ; Walters Garfield Donovan fèt 11 novanm 1985 epi William Ellian fèt 9 novanm 2000 >>.
« Se nan chimen jennen yo kenbe chwal malen »
Angeline Michel