Sekretè jeneral laprezidans lan, Lyonel Valbrun, nan yon nòt li soti jounen 28 oktòb 2021 an fè konnen ak ajan sektè prive e piblik yo lè a ap gen pou chanje dimanch 7 novanm 2021 k ap vini la.
Lè nasyonal l ap gen pou chanje nan mwa novanm nan. » Sekretarya jeneral laprezidans ap raple ajan sektè prive e piblik yo apati dimanch 7 novanm 2021 dispozisyon atik 2 arete prezidansyèl 7 mas 2012 sou lè nasyonal la ap aplike », ekri nan nòt la.
Atik 2 a fè konnen imedyatman dat ki mansyone a rive, » apati 2è nan maten, premye dimanch mwa novanm, lè nasyonal la ap gen pou fè bak de 60 minit ».
28 oktòb, jounen entènasyonal lang kreyol. Pwovèb la se : mache chache pa dòmi san soupe.
Jackson junior Rinvil