AYITI/ENSEKIRITE: KVS REYAJI SOU KESYON GAZ LA AK ENSEKIRITE KAP BRASE BIL PEYI A NAN DÈNYE JOU SA YO

Konfederasyon Siprèm Vodou ( KVS) ki gen nan tèt li chèf kilt vodou a nan lakou peyi Dayiti ougan Cedral Noelus, reyaji sou pwoblèm ratman gaz la ak ensekirite a nan peyi Dayiti.

Chèf kilt an ki tap pale nan non konfederasyon siprèm vodou a, mande pou nouvo chèf polis la pran tout dispozisyon pou bay pèp la sekirite epi mete tout moun an konfyans nan peyi a. Daprè chèf kilt la, sa kap pase nan peyi a pa nòmal kote lopital ki la pou bay moun swen ap fèmen pou gaz, pou timoun pa ka ale lekòl.

Reponsab kominikasyon an, Edson Francois preche linite nan mitan politisyen yo, li mande dirijan yo pou yon fwa nan vi yo pou yo wè peyi a. Edson Francois fè konnen se paske anpil nan nou bliye orijin nou ki fè nou rive kote nou ye la jodi a.

Nap raple Cedral Noelus te nonmen chèf kil vodou selon arete 4 avril 2003 ki rekonèt vodou a kòm relijyon aparantyè nan peyi a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …