AYITI/GAZ: YON ANSYEN SENATÈ FÈ GWO REVELASYON SOU SA KI LAKOZ GWO RATMAN GAZ LA NAN PEYI A

Ansyen senatè Yourry Latortue, fè gwo revelasyon sou pwoblèm ki lakoz ratman gaz la nan peyi a detanzantan.

Selon ansyen senatè a, se pa bandi yo ki lakoz ratman gaz la sèlman nan peyi a, pi gwo pwoblèm nan se paske leta ayisyen siyen yon kontra ak yon fim jamayiken ki rele West Indies Petroleum ki pa gen kapasite vrèman pou alimante sit petwòl yo, e selon senatè a kontra sa ta fèt anba tab.

Nap raple Yourry Latortue se ansyen konseye ansyen prezidan Martelly pandan senk (5) lane, ansyen senatè depatman Latibonit e prezidan sena a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …