AYITI/ DRAM: POU PI PITI 19 MOUN MOURI NAN NOFRAJ BATIMAN EKLEZYAS LA

Bato Eklezyas, ki koule maten samdi 30 oktòb 2021 an, nan lanmè Ansapit pou ale komin Marigo, nan depatman Sidès. Daprè, responsab yo sèvis nasyonal maritim (SEMANAH), fè konnen gen pou pi piti 13 moun ki mouri.

Selon responsab yo, ekip sovtaj yo rive jwenn pou pi piti 20 moun ki sòti vivan nan kad nofraj sa a, ki lage lapèn lakay yon bann fanmi ki tap sòti chache lavi epi al pote nan lòt komin nan depatman Sidès la.

N ap siyale, se ba anpil gwo difikilte sovtè (SEMANAH), te rive pran lanmè a akoz yo te gen pwoblèm gaz pou te al sekoure moun yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …