AYITI/ENSEKIRITE : ARIEL HENRY VOYE PINGA BAY MOUN KAP ITILIZE NÈG AK ZAM POU SIMEN LATWOUBLAY NAN PEYI A

Fenomèm kidnapin ak ensekirite a pa sispann mete dlo nan je fanmi ayisyen yo. Prèske chak jou, gen zak kidnapin ki fèt nan peyi a. Chèf gouvènman an, doktè Ariel Henry, bò kote pa li lanse yon pinga bay moun kap itilize nèg ak zam pou simen latwoublay ak destabilize peyi a pou yo kapab pran pouvwa._

« Nan prive tankou nan Leta, tout moun k ap pran pèp ayisyen an an otaj, teyorize popilasyon an se lènmi pèp la yo ye », afime chèf gouvènman an. « Tout moun k ap sipòte bandi, ede yo jwenn zam ak minisyon, tout moun k ap ba yo kòb anba chal, tout moun k ap sèvi avè yo pou bloke tout aktivite nan peyi a, tout moun k ap fè dil ak yo pou yo ka pran pouvwa yo tou se lènmi pèp ayisyen an », rapousib chèf primati a.

Daprè doktè Ariel Henry, gen yon pakèt bagay ki di sou sitirans bandi te konn jwenn bò kote moun nan pouvwa, moun nan sektè prive ak moun nan kèk òganizasyon politik kote yo bay bandi yo gwo lajan, pi gwo zam pase Lapolis epiyo ka garanti yo yon enpinite total. »

Malerezman, nou konstate gen menm polisye ki nan konfyolo ak gang », Ariel Henry.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …