ETAZINI/AKSIDAN: ROODY ROODBOY FÈ AKSIDAN NAN PEYI ETAZINI

Atis ayisyen an, Roody Roodboy fè yon aksidan sikilasyon samdi 30 oktòb 2021 an nan peyi Etazini, nan vil Olando. Chantè « m pa kyè » a soti blese nan aksidan sa, men eta sante li estab._

Roody Roodboy te sot jwe yon bal nan Olando nan moman li te fè aksidan an. Daprè enfòmasyon yo, bal la te kraze.

Entreprèt » fo fi m ki ap fèt » la, ki gen pou bon non li Roody Pétuel Dauphin, te jwenn sekou yon ekip medikal ki te mennen li lopital.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Nicole Croisille : la voix d’une vie

Nicole Croisille s’en est allée, ce 4 juin, à l’âge de 88 ans. Une vie …