AYITI/ASASINA : RAVISÈ YO TOUYE PWOFESÈ PATRICE MICHEL DERENONCOURT

Kidnape 16 oktòb 2021 an nan Ri Kamò, pwofesè Patrice Michel Derenoncourt mouri asasinen anba men ravisè yo ki tou antere l daprè sa zanmi pwofesè a, Yves Lafortune fè konnen sou fesbouk.

« Sèl sa m te espere se te pou w te retounen vin jwenn nou. Yo asasinen w e yo antere w frè m « , ekri Yves Lafortune jounen dimanch 31 oktòb la.

Mesye Yves Lafortune raple nan mesaj la lanmou pou pwofesè Patrice Michel Derenoncourt.

« Demen, nan tout simetyè nan monn lan, se non w sèlman m ap site nan non tout mò m yo », Yves Lafortune.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …