Nèg ak zam kontinye ap kidnape moun nan rantre sid kapital la. Twa (3) chofè kamyon sitèn gaz, ki tap transpòte gaz kidnape lendi 1 novanm lan nan Matisan.
Depi plis pase 2 semèn, peyi Dayiti ap moute yon kalvè akoz pwoblèm gaz la. Alòske sa sanble ta pral rezoud, men nèg ak zam nan Matisan kidnape twa chofè kamyon ki tap pote gaz.
Ka kidnapin yo kontinye ap repete an Ayiti. Kidnape 16 oktòb 2021 nan ri Kamo, pwofesè Patrice Michel Derenoncourt mouri asasinen anba men ravisè yo.