ETAZINI/AKSIDAN:  » BONDYE SÈL KI KONNEN POUKISA MWEN VIVAN TOUJOU », DEKLARE ROODY ROODBOY DE (2) JOU APRE AKSIDAN AN

_Atis ayisyen Roody Roodboy ki sot viktim yon aksidan sikilasyon nan peyi Etazini « Orlando », eta Florid, samdi 30 oktòb 2021 an, fè konnen sou kont enstagram li sèl Bondye ki konnen poukisa l vivan toujou._

Alòske li te nan wout pou li te ale Rhode Island pou li ta onore yon lòt afich nan dimanch, entèprèt  » Tranble  » a ta pral fè yon aksidan sikilasyon. Swit ak ensidan sa, yo mennen li an ijans lopital. 48è apre, atis la reyaji sou kont enstagram li.

« Bondye sèl ki konnen poukisa mwen toujou vivan. Mèsi pou priye yo », ekri Roody Roodboy ki gen pou bon Roody Pétuel Dauphin.

Menm si eta sante li estab, men chantè a toujou gen kèk malèz. » M gen anpil doulè, men m fè Bondye konfyans », kontinye chantè  » fo fi m k ap fèt » la.

Sou konsèy medsen, estaf manadjè li Roody Roodboy la deside anile tout konsè atis la te gen pou fè jiska nouvèlòd.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …