AYITI/ENSEKIRITE: NEG A ZAM METE DIFE NAN LOPITAL SAKREKÈ MILO AN

Jounen lendi premye novanm 2021 an, bandi a zam yo pa rive idantifye sabote epi mete dife nan lopital sakrekè Milo a, selon youn nan responsab lopital sa, rezon ki lakoz ensidan sa se yon batay antre de (2) gwoup endividi ak zam.

Daprè eksplikasyon responsab la, sak rive a se rezilta yon konfli antre de (2) gwoup endividi ki ta lakoz yon sitwayen resevwa yon kout kouto epi al chache ti moso la swenyay nan lopital la, san rann kont yon gwoup bandi a zam ki te vle fini avèk li nèt rive nan lopital la malgre jefò kote responsab yo, endividi yo pa rive idantifye sa yo rive mete dife nan lopital la.

Malad yo ki te gen anpil kè kase nan moman atak la rejwenn ti kras trankilite paske lapolis repran kontwòl sityasyon an .

Lopital sakrekè milo se yon lopital ki gen bon renome nan depatman nò, aktyèlman li gen ladanl 15 moun ki enfekte nan kovid-19 ki ap pran la swenyay.

Nap raple lopital sa a te inogire 6 jwen 2014, peyi japon te finasye 1tyè nan bidjè projè CRUDEM nan (Centre pour le development Rural de Milot) ki te evalye a( USD 121 749 ) an prezans Katsuyoshi Tamura ki se te Anbasadè peyi japon an ayiti ,nan moman sa lopital la te gen ladanl 12 kanbann pou resevwa pasyan yo,yon laboratwa epi yon famasi.

 

Marie Wanide Vernois

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …